Kreye yon Ekip – LNFJH
TapIn Mobile Solutions kontan anpil pou lanse premye lig nasyonal pou jèn avèk patwonaj FHF la! Si ou gen yon ekip fi ou gason ant laj 6an rive 18an, Ligue National de Football des Jeunes ap aksepte anrejistrasyon pou premye sezon an. Nap travay pou devlope pwochen sipèsta kap vini nan foutbòl ayisyen an Grenadye, tankou anbasadè nou yo Zachary Herivaux ak Frandtzy Pierrot.
Kòm yon antrenè ou pral resevwa yon sètifikasyon ki sanksyone pa FHF, epi resevwa yon mayo yon fwa ou ranpli esnkripsyon e pran kou antrenè nou an andedan app la.
Telechaje – bit.ly/TapInAppGoogle
Men kijan pou’w kreye yon ekip
1e Etap
Chwazi wòl ou
⁃ Chwazi ‘Je suis un Entraîneur’
2e Etap
Swiv flèch la, klike sou siy + la pouw kreye ekip ou
3e Etap
Mete sèks epi ane ekip wap kreye a
4e Etap
Chwazi Department ak Commune kote ekip ou a soti
5e Etap
Mete non ekip ak klèb ou a
6e Etap
Mete logo ekip ou a. Siw pa genyenl, klikle Passer pour l’instant
7e Etap
Mete foto ekip ou a. Siw pa genyenl, klike Passer pour l’instant
Bravo!
Kounya ou prè pouw ajoute premye jwe ou
There are no comments