Natick, MA, 3 Janvye, 2019; Tapin Mobile Solutions kontan anonse ke Don Bosco FC konfime patisipasyon yo nan Ligue Nationale de Football Des Jeunes D’Haiti (LNFJH) pou sezon 2020 an.
Don Bosco Football Club de Pétion-Ville fòme an 1963, e li genyen chanpyona Ligue Haïtienne lan 5 fwa, pi resan an 2018. Se yon klèb pwofesyonèl ki gen fanatik nan tout peyi a, e yo jwe nan yon stad Petion-Ville ki amize 5000 fanatik. Klèb la ap patisipe nan kategori 2006 (u14) nan LNFJH.
Ephraim Thomas Lysnse, Antrenè 2006 Don Bosco FC:
“TapIn pran yon gran inisyatif pou’l fè timoun jwe foutbòl nan tout peyi a. Li vinn ede FHF fè dedeksyon pi fasil nan kategori timoun yo paske lig la sanksyone pa FHF. Nou kontan deske Tapin vini a premye lig jèn nan peyi a, e nou menm nan Don Bosco aplodi gran travay sa Tapin ap fè a. Avèk lig sa, jèn jwe yo ap kapab aprann foutbòl la pi byen.”
Patisipasyon Don Bosco vini apre Les Academies Federales de la FHF(Akademi ki sanksyone pa Fédération Haïtienne de Football) anonse patisipasyon yo pou premye sezon an. LNFJH se premye lig nasyonal ki egziste Haiti. Anrejistrasyon, orè, e estatistik, tout fonksyon sa yo pral mache atravè app Tapin lan. Deja, 450 ekip anrejistre pou yo patisipe nan LNFJH pou premye sezon an.
Anrejistrasyon pwolonje pou 31 Janvye, men nou akouraje tout antrenè pou yo telechaje app Tapin lan sou Google Playstore e Apple App Store pou yo kapab fe enskripsyon pou ekip yo avek jwè yo.
Steve Schechter, PDG E Kofondatè TapIn Mobile Solutions:
“Don Bosco FC se youn nan non ki pi popilè nan foutbòl ayisyen, se yon gwo triyonf pou nou genyen akademi yo a patisipe nan premye sezon LNFJH. Nou kontan anpil pou jan kominote foutbòl ayisyen an resevwa lig la, e nou gade pou pi devan pou kòmanse yon nouvo epòk nan foutbòl ayisyen.”
Apwopo TapIn Mobile Solutions
Kreye depi prentan 2019, Tapin Mobile Solutions se yon platfòm ki pemèt nou jere ak òganize yon lig foutbòl pou jèn sou yon aparèy mobil, nan objektif pou sèvi yon nasyon soudevlope. Platfòm Antrepiz Tapin lan poko egziste nan mond lan, li se premye platfòm ki kouvri tout aspè administratif jwèt la, li fasil pou itilize, e pote plezi pou paran, jwè, antrenè, abit,ak administratè yo.
There are no comments